Accessibility links

Breaking News

Dmytro Kuleba Ekzòte Inyon Ewòp la pou li Voye Plis Sipò Bay Ikrèn


Ukrainian Foreign Minister Dmytro Kuleba speaks at a press conference at a hotel in Addis Ababa, Ethiopia Wednesday, May 24, 2023. Kuleba urged African countries to abandon their stances of neutrality towards his country's war with Russia.
Ukrainian Foreign Minister Dmytro Kuleba speaks at a press conference at a hotel in Addis Ababa, Ethiopia Wednesday, May 24, 2023. Kuleba urged African countries to abandon their stances of neutrality towards his country's war with Russia.

Ministè Afè Etranjè Ikrèn Dmytro Kuleba ekzòte lendi Inyon Ewòp la pou li voye plis sipò bay Ikrèn, pandan Inyon an sot ajoute 3 milya 500 milyon dola nan yon fon ki sèvi pou finanse èd militè pou Ikrèn.

Kuleba te pale konsa nan yon reyinyon Konsèy Afè Etranjè Inyon Ewòp la sou konferans video, e pita li te di nan tweet ke li te « ekzòte Inyon an pou li akselere defèt LaRisi nan ogmante sipò pou Ikrèn. »

Chef politik afè etranjè Inyon an Josep Borell di ke Ikrèn se pi gwo priyorite a.

Defi ke gwoup paramilitè Wagner te mete devan Prezidan ris Vladimir Putin nan wikenn pase a, ka pran dè semèn oubyen dè mwa pou li fin geri, se Sekretè Deta Antony Blinken ki te pale konsa dimanch nan yon entèvyou sou chèn televizyon NBC nan pwogram « Meet the Press », Rankontre ak Laprès.

Blinken kalifye rebelyon Gwoup Wagner a ak kriz ke li te antrene a kòm “zafè entèn” LaRisi.

Li ajoute ke, « sa ki enterese nou se detèminasyon pou nou travay san pran souf sou Ikrèn e asire ke li gen sa li bezwen pou defann tèt li e repran teritwa ke LaRisi te sezi. »

Blinken di tou malgre li twò bonè pou nou di ki sa boulvès entèn LaRisi a vle di, alafen rezon ki fè Ikrèn ap genyen batay la, sèke li ap goumen « pou tè li, avni li, libète li.

XS
SM
MD
LG