Accessibility links

Breaking News

Plizyè Milye Ayisyen ki Nan Abri an Danje Apre Yo te Kouri Kite Kay Yo Akoz Aktivite Gang Ame yo


Haiti Uprooted
Haiti Uprooted

PORT-AU-PRINCE, Haiti (AP) — Gang te fè fon gwo dezòd nan bidonvil Cite Soleil, kote yo touye, vyole epi mete dife nan plizyè santèn kay.

Aksyon gang yo te fòse yon fanmi ki gen 4 moun rete dòmi nan lari Pòtoprensa jiskaske yon kamyon frape yo pandan y ap dòmi.

2 frè, ki gen 2 an ak 9an , te mouri nan aksidan ki te fèt nan mwa novanm.

Jean-Kere Almicar te ouvri kay li bay paran sa yo ki te boulvèse yo, answit li te ouvri pòt li yon lòt fanmi, apre yon lòt, jiskaske te gen prèske 200 moun ki te kanpe nan lakou devan l 'ak toupre.

Moun sayo fè pati se pami plis pase 165,000 Ayisyen ki te kouri kite kay yo akoz atkivite vyolans gang yo.

XS
SM
MD
LG