Accessibility links

Breaking News

Ensekirite Alimantè: Nasyonzini Mete Alèt Sou Ayiti, Peyi Sahel yo ak Soudan


Foto Achiv: Moun Camp-Perrin fe lake pou resevwa manje nan men Pwogram Alimantasyon Mondyal la tou pre Okay, 19 Out, 2021.
Foto Achiv: Moun Camp-Perrin fe lake pou resevwa manje nan men Pwogram Alimantasyon Mondyal la tou pre Okay, 19 Out, 2021.

Òganizasyon Nasyonzini pou Manje ak Agrikilti (FAO) ak Pwogram Alimantè Mondyal la (WFP) mete ansanm pou pibliye yon rapò kote yo fè konnen Ayiti, peyi Sahel yo ak Soudan kounye a pami zòn ki nan pi gwo alèt posib, kote gen risk ensekirite alimantè pou popilasyon yo, e pwoblèm nan enkyetan.

Dapre Nasyonzini sa mande yon atansyon "ijan" bò kote kominote entènasyonal la.

"Ensekirite alimantè (grangou) te moute nan pi wo nivo ann Ayiti, nan peyi Sahel yo (Burkina Faso ak Mali) ak nan Soudan" paske pa gen ase manje pou popilasyon nan peyi sa yo.

Dapre sa yo eksplike nan rapò a "Sa a se akòz gwo pwoblèm ensekirite kote moun ak machandiz pa ka deplase alès ann Ayiti, nan Burkina Faso, e nan Mali, e akoz gwo batay malouk ki pete nan Soudan an".

Dapre rapò sa lagè a ki eklate nan Soudan depi mwa Avril la gen konsekans enpòtan sou peyi vwazen li yo".

4 peyi sa yo rantre nan yon lis ki gen Afganistan, Nijerya, Somali, Soudan Sid ak Yemen, ki te deja sou alèt epi ki te déjà bezwen "atansyon pi ijan posib".

XS
SM
MD
LG