Accessibility links

Breaking News

Virgin Galactic Konplete Esè Final li Anvan Li Lanse Vòl Nan Lespas pou Kliyan


Foto Achiv: Fondate Virgin Galactic, Richard Branson pandan yon konferans pou lapres, 11 Jiye, 2021.
Foto Achiv: Fondate Virgin Galactic, Richard Branson pandan yon konferans pou lapres, 11 Jiye, 2021.

Virgin Galactic konplete dènye vòl esè li anvan li transpote kliyan ki peye lajan fè vwayaj brèf nan lespas.

Gen 6 anplwaye konpayi a ki ateri Jedi maten nan Spaceport America, ki sitye nan sid eta Nouvo Meksik, apre yon vòl ki te dire kèk minit nan lespas.

Vòl la fèt prèske 2 zan apre fondatè a Richard Branson bat kanmarad milyadè li a, fondatè Amazon Jeff Bezos nan kous pou akonpli misyon sa a an premye.

Yo te sispann tout vòl yo pou pèmèt otorite aviyasyon federal yo envestige yon pwoblèm.

Premye vòl komèsyal la pral yon misyon syantifik an kolaborasyon ak aviyasyon Itali.

Apre sa, moun ki peye pou biyè e kap tann plizyè zane pou vwayaje an espas ap gen chans pa yo.

XS
SM
MD
LG