Tina Turner mouri a laj 83 zan. Li te kole tèt ansanm ak mari li Ike Turner sou yon seri hit dinamik ak spektak epi siviv yon maryaj terib pou triyonfe ak plis gwo hit tankou "What's Love Got to Do With It."
Turner konu pou hit tankou "Proud Mary," "River Deep, Mountain High" epi "We Don't Need Another Hero."
Moun te konnen li pou seri perik li yo, vwa contralto li, gwo souri li epi bèl janm miskle li yo.
Manadjè Turner di li mouri Madi apre yon maladi ki te dire lontan, lakay li nan Kusnacht ki sitye tou pre Zurich, peyi la Suis.