Omwens 9 moun mouri e de douzèn lòt blese apre fanatik foubòl te kraze yon baryè ki bay aksè a teren an pandan yon match ka-de-final nan peyi Salvadò.
Polis Sivil Nasyonal la deklare sou kont ofisyèl Twitter li ke yo konfime 9 lanmò nan match ki te dewoule Samdi ant klib Alianza ak FAS.
Ensidan an rive nan stad Monimantal Cuscatlan nan, ki sitye nan yon bouk ki a yon distans 41 kilomèt o nòdès kapital la, San Salvador.
Lapolis di omwens 2 pami blese yo kouche lopital kote kondisyon yo kritik.