Accessibility links

Breaking News

Twitter ap Desaktive Kont Inaktif, pami yo kont moun ki mouri


Foto Achiv: Elon Musk, PDG Tesla.
Foto Achiv: Elon Musk, PDG Tesla.

WASHINGTON (AP) - Elon Musk anonse semèn pase a Twitter pral "siprime kont ki pa montre okenn siy aktivite ditou depi plizyè ane."

Desisyon sa fè anpil moun fache lè yo konnen yo ka pèdi tweet sou kont yo genyen ki inaktif, pami yo kont moun ki mouri.

Kèk itilizatè rapòte ke pwofil moun pwòch yo ki mouri pral disparèt.

Musk di ke kont inaktif yo prale nan achiv.

Men gen anpil detay ke piblik la pa konnen.

Nan ane 2019, Twitter te eseye aplike yon politik menm jan an epi li te resevwa menm repèkisyon an.

XS
SM
MD
LG