Accessibility links

Breaking News

Kòmandan Lame Sid Afriken an Vizite Moskou


South African Defense Forces patrol downtown Johannesburg, South Africa, Friday, March 27, 2020. Police and army started patrolling moments after South Africa went into a nationwide lockdown for 21 days in an effort to mitigate the spread to the…
South African Defense Forces patrol downtown Johannesburg, South Africa, Friday, March 27, 2020. Police and army started patrolling moments after South Africa went into a nationwide lockdown for 21 days in an effort to mitigate the spread to the…

Kòmandan fòs lame Sid Afriken an fè yon vizit ofisyèl nan Moskou. Dapre sa ajans nouvèl Larisi te di Lendi, vizit sa fèt apre Etazini akize Pretoria dèske li te livre zam bay Larisi.

Dapre Ministè Defans Ris la, Lyetnan Jeneral Lawrence Mbatha ak delegasyon li a te diskite ak kòlèg Ris yo sou"pwoblèm kowoperasyon militè" ki vize "ogmante preparasyon konba fòs lame peyi yo".

"Pandan reyinyon lidè militè yo, yo te jwenn akò pou ranfòse kowoperasyon ant fòs militè yo nan divès domèn".

Ministè a fè konnen "Pandan vizit la, delegasyon an pral vizite etablisman edikasyon militè fòs Ris la genyen e yo ap vizite tou antrepriz konplèks militè-endistriyèl" nan Moskou.

Vizit sa a rive nan mitan tansyon ant Lafrik di sid ak Lèzetazini. Washington akize Pretoria kòmkwa li ta livre zam bay Larisi.

Apre akizasyon sa yo, ke anbasadè Ameriken an te fè nan Pretoria, gouvènman Sid Afriken an te pwomèt pou l mennen yon ankèt sou swadizan livrezon zam sa yo.

AFP te kontakte lame Sid Afriken an men li pa t reponn.

Prezidan Sid Afriken Cyril Ramaphosa te asire Lendi ke peyi l pa pral antre nan "yon konpetisyon ak pisans mondyal" sitou sou sa ki gen rapò ak lagè Ikrèn nan, e li pap pran presyon pou pozisyon l sou Ikrèn oswa Larisi.

Mesye Ramaphosa te pale nan telefòn semèn pase a ak Prezidan Ris Vladimir Putin, kote 2 lidè yo te montre dezi yo pou "ogmante" kowoperasyon yo, dapre Kremlin an.

XS
SM
MD
LG