Accessibility links

Breaking News

Peken di Lachin ak Ewòp Dwe Mete Tèt Ansanm


Europe China US
Europe China US

Minis Afè Etranje chinwa a di Vandredi ke Lachin ak Ewòp dwe mete ansanm pou 'rejte mantalite Gè Frèt' la, se deklarasyon li fè nan moman te gen yon reyinyon ministè afè etranjè Inyon Ewopeyen an yo pou yo 'reajiste' pozisyon Inyon an sou Peken.

Qin Gang di nan yon konferans pou laprès pandan yon vizit li tap fè nan Oslo, kapital peyi Novèj : "Jodi a, kèk moun ap pale pawòl demokrasi kont otokrasi e menm ap pale de yon nouvo Gè Frèt,"

"Si nou gen yon nouvo Gè Frèt, li ap bay kòm rezilta plis dezas" pase sa anvan yo "epi li ap fè pi gwo dega nan relasyon ak koperasyon ant Lachin ak Ewòp" se Qin Gang ki bay avètisman sa a.

Minis Chinwa a ensite ke Lachin ak Ewòp dwe fè tèt ansanm e "rejte mantalite Lagè Frèt la" ant grann pwisans yo.

« Nou dwe reajiste pozisyon nou sou LaChin, se ak pawòl sa a Chef Politik Afè Inyon Ewòp la, Josep Borell, te ouvè reyinyon an.

XS
SM
MD
LG