Accessibility links

Breaking News

Bwi ap Kouri pou di Se yon Responsab NBC Universal Kap Nouvo PDG Twitter


PDG Twitter Elon Musk (mitan) ale ak Linda Yaccarino, direktris pwomosyon ak patenarya pou NBC Universal, nan Miami Beach, Florid, 18 Avril 2023.
PDG Twitter Elon Musk (mitan) ale ak Linda Yaccarino, direktris pwomosyon ak patenarya pou NBC Universal, nan Miami Beach, Florid, 18 Avril 2023.

Elon Musk deklare li jwenn yon nouvo PDG pou Twitter, ou X Crop, jan li rele l kounyea.

Plizye rapo ki paret nan lapres idantifye moun sa a kom Linda Yaccarino, ki se yon responsab NBC Universal.

Musk pa site non Yaccarino, men Vandredi, NBC Universal te fe konnen li pral bay demisyon ni kom direktris pwomosyon global ak patenarya konpayi an.

Yaccarino te entevyouwe Musk nan Miami mwa pase a devan plizye santen responsab konpayi ki achte piblisite sou rezo NBC Universal yo.

XS
SM
MD
LG