Accessibility links

Breaking News

Moun Chili ap Vote pou Chwazi Konsèy Konstitisyonèl


Yon travaye elektoral prepare materyo pou eleksyon an nan sant kiltirel Mapocho a nan vil Santiago, Chili, 5 Me 2023.
Yon travaye elektoral prepare materyo pou eleksyon an nan sant kiltirel Mapocho a nan vil Santiago, Chili, 5 Me 2023.

Elektè nan Chili ap vote Dimanch pou chwazi 50 delege ki pral manm yon konsèy ki va ekri yon nouvo konstitisyon, apre elektè yo te rejte ak fòs yon chat gouvènman an te pwopoze ane pase a, e ke yo dekri tankou youn nan konstitisyon ki pi pwogresiv nan mond lan.

Sa se dènye etap nan yon pwosesis pou ranplwase konstitisyon ki egizste nan Chili depi epòk diktati a e ki te tanmen ak manifestayon an mas an 2019.

Chilyen yo pou pi fò sanble yo pa tèlman bay dènye faz sa a enpòtans.

Patricia Borzone, yon achitèk ki gen 45 an di ajans nouvèl Associated Press ke sèl rezon ki fè lap vote se paske li pa vle peye yon amann. Borzone pa poukont li. Sondaj ki fèt montre elektè yo nan peyi Amerik di Sid sa a pa finn twò chofe pou vote nan eleksyon an.

XS
SM
MD
LG