Accessibility links

Breaking News

Yon Jiri Kondane 4 Manm Proud Boys pou Konplo akoz Atak ki te Fèt nan Kapitòl la


Capitol Riot Proud Boys
Capitol Riot Proud Boys

Yon jiri kondane Jedi 4 Me a 4 manm gwoup milis ekstrèm dwat Proud Boys pou konplo yo te mare pou atake Kapitòl la nan dat 6 janvye 2021 an, ak tantativ pou te anpeche Kongrè a sètifye viktwa Prezidan Joe Biden nan eleksyon an.

Pami 4 manm sa yo nou jwenn ansyen lidè gwoup la Enrique Tarrio.

Vèdik la te soti nan finisman yon jijman ki te dire prèske 4 mwa nan yon tribinal federal nan Washington, sa ki te bay Depatman Jistis Ameriken yon lòt viktwa, e ki, dapre Minis Jistis Merrick Garland, garanti kondanasyon plis pase 600 moun ki gen rapò ak zak sa, lè sipòtè Prezidan Donald Trump nan epòk la te atake Kapitòl la.

Apa de Tarrio, lòt manm Proud Boys yo ki jwenn kondanasyon tribinal la vandredi, se Ethan Nordean, Joseph Biggs ak Zachary Rehl, yo 4 la te jwenn kondanasyon pou konplo - yon konplo kote yo te anplwaye lafòs pou moutre opozisyon yo kont gouvènman an. Dominic Pezzola, sèl manm nan 5 akize yo ki pa te jwe wòl dirijan Proud Boys, jiri a rekonèt ke li pa koupab pou akizasyon sa a.

Kondanasyon sa a ka fè koupab yo al pase jiska 20 ane nan prizon.

Jiri a ki te gen 12 manm, ki te delibere pandan yon semèn, te jwenn tou Tarrio, Nordean, Biggs, Rehl ak Pezzola koupab pou lòt krim tankou anpeche yon fòmalite ofisyèl dewoule, yon akizasyon ki ka mennen santans jiska 20 ane nan prizon tou.

Yo kondane yo tou deske yo te konplote pou anpeche kongrè a fè travay li e anpeche fòs lòd yo fè devwa yo nan yon dezòd sivil.

XS
SM
MD
LG