Accessibility links

Breaking News

Pastè Ezekiel Odero ki Enplike nan Lanmò plis pase 100 Disip li, Jwenn Liberasyon li sou Kosyon


Detectives escort Ezekiel Ombok Odero at the police headquarters in Mombasa
Detectives escort Ezekiel Ombok Odero at the police headquarters in Mombasa

Pastè Ezekiel Odero, ke otorite nan peyi Kenya te mete anba kòd apre yo te fè dekouvèt kadav plis pase 100 fidèl legliz li ki te antere sou yon teren lakay li jwenn liberasyon li sou kosyon nan yon tribinal nan Kenya.

Lapolis nan Kenya te arete Pastè Ezekiel Omboko Odero 27 avril 2023 a nan legliz li ki rele Nouvo Legliz Sant Priyè Mavueni nan awondisman Kalifi, poutèt li ta gen koneksyon ak zak asasinay sou anpil moun apre li ta swadizan pase yo lòd pou yo jene jiskake yo mouri.

Ayè Jedi 4 me 2023 a, Pastè Odero ak Avoka li te nan Tribinal Shanzu nan Kenya pou reponn kesyon majistra Joe Omido.

Avoka kap defann Odero a, Cliff Ombeta, te demanti akizasyon lajitis mete sou do kliyan li a, e li te plede e mande liberasyon Odero:

"Èske yo te ba ou rezon konvenkan, se la mwen vle kòmanse." Yo pa t 'fè li. Tout sa yo te fè nan deklarasyon sa a, se di ou ke yo ta vle akize pastè a pou asasinay daprè rezilta tès ADN yo ki ap vini. Yo koumanse jwenn rezilta ADN yo. »

Aprè odisyon Pastè a, jij Joe Omido te mande pou libere Odero epi li te bay lòd pou li peye yon kosyon ki pa lajan kach ki se 3 milyon Kenyan shillings, ki vo $22,000, oswa peye yon kosyon lajan kach 1.5 milyon shillings, ki vo $11000.

Nan desizyon li a, Jij Joe Omido te di ke leta pa te pote ase prèv devan tribinal la, ki ta bay rezon pou kenbe prevni an anba kòd pou yon lòt trant jou.

Deyò tribinal la, te gen plis pase 100 sipòtè Pastè Ezekiel Omboko Odero ki t ap chante e ki tap selebre desizyon tribinal la.

Nan kad ankèt ke otorite yo ap mennen sou pastè Mackenzie, yon fidèl li te di ke li te kwè mond lan ta pral fini 15 avril 2023 a e li te mande disip li yo pou yo pa manje jiskaske yo mouri pou se yo ki premye rankontre jezi nan syèl la.

XS
SM
MD
LG