Accessibility links

Breaking News

Bank Mondyal Konfime Ex-PDG Mastercard Ajay Banga Kòm Nouvo Direktè li


Foto Achiv: Ajay Banga, PDG MasterCard nan Nouyok, 6 Avril 2011.
Foto Achiv: Ajay Banga, PDG MasterCard nan Nouyok, 6 Avril 2011.

Bank Mondyal konfime ansyen direktè Mastercard Ajay Banga kòm nouvo direktè li pou yon manda 5 ane ki pral tanmen mwa pwochen an. banga se pitit gason yon ofisye lame peyi End ki gen plizyè dizèn lane eksperyans nan domèn finansye sektè prive a.

Veteran biznis Etazini te nomen an, pral ranplase David Malpass, yon nèg Donald Trump te chwazi pou dirije Bank Mondyal, e ki ap mete fen nan manda li anvan lè.

Malpass te fè fas ak anpil presyon poutèt li te derezite di si wi ou non li dako ak konsansis savan yo bay sou chanjman klimatik.

Prezidan Joe Biden te chwazi Banga nan mwad Fevriye pase a. Li chante lwanj misye pou "ekspryans kritik" li genyen nan travay ki se takle pi gwo defi epok nap viv la, tankou pa egzanp chanjman klimatik.

Etazini se peyi ki kontribye plis lajan nan bank mondyal la, yon enstitisyon global ki gen 189 peyi manm e ki gen kom bi pou konbat lamize nan mond lan.

Se pou rezon sa a ke Etazini toujou nomen prezidan oganizasyon an.

XS
SM
MD
LG