Accessibility links

Breaking News

Etazini Nomen Ajay Banga pou Pòs Nouvo Prezidan Bank Mondyal


Foto Achiv: Ajay Banga, PDG MasterCard nan Nouyok, 6 Avril 2011.
Foto Achiv: Ajay Banga, PDG MasterCard nan Nouyok, 6 Avril 2011.

Lèzetazini nomen ansyen direktè Mastercard, Ajay Banga kòm nouvo prezidan Bank Mondyal la.

Prezidan Joe Biden anonse chwa a Jedi. Li chante lwanj Banga kòm yon nèg ki gen anpil eksperyans enpòtan sou defi global tankou chanjman klimatik.

Nouvèl la tonbe kèk jou apre moun Trump te nomen pou pòs la, David Malpass te anonse li pral bay demisyon ni nan mwad Jyen an.

Bank Mondyal ede 189 peyi sou devlope jere pwoblèm ekonomik yo.

Malpass te fè fas ak kritik ane pase a poutèt komantè li te fè kote li eksprime dout sou moun nan domèn syantifik la ki di konbustib fosil koze chanjman klimatik. Malpass te prezante ekskiz li ape sa.

Anvwaye Biden pou chanjman klimatik, John Kerry deklare Banga se "bon chwa" pou wòl Bank Mondyal la.

XS
SM
MD
LG