Accessibility links

Breaking News

Lajitis Etazini Akize Pitit Gason 'El Chapo' yo Kòmkwa yo Voye Fentanyl Ozetazini nan Kontrebann


FILE - This Oct. 17, 2019 frame grab from video provided by the Mexican government shows Ovidio Guzman Lopez at the moment of his detention, in Culiacan, Mexico.
FILE - This Oct. 17, 2019 frame grab from video provided by the Mexican government shows Ovidio Guzman Lopez at the moment of his detention, in Culiacan, Mexico.

MEXICO CITY (AP) – Avoka gouvènman ameriken yo revele nan yon dènye akizasyon ke pandan ke chef katèl Sinaloa Joaquín "El Chapo" Guzmán ap pije yon santans prizon avi.

Pitit gason l yo chanje biznis fanmi an pou antre nan trafik fentanyl, kote yo tabli plizyè laboratwa pou yo pwodui fentanyl an gran kantite e bon mache e voye li Etazini nan kontrebann.

Akizasyon an ki te vin piblik nan dat 14 Avril nan Manhattan bay detay sou chanjman ke jenerasyon sa-a fè andan katèl la.

Katèl la te gen yon ti laboratwa fentanyl, e kounya li vin genyen yon rezo laboratwa ki santre nan eta Sinaloa nan nò Meksik nan mwens ke yon dizèn lane.

Yon sèl kou, yon katèl ka pran fentanyl e pwodui 100,000 grenn imitasyon chak jou ke yo ka fè Ameriken pran pou Xanax, Percocet oswa oksikodòn tandi ke se fentanyl yo ap pran.

XS
SM
MD
LG