Accessibility links

Breaking News

Soudan: Fòs Ame Yo Dakò pou Kanpe Afrontman Yo pou Yon lòt 72è


SUDAN-CONFLICT-soudan
SUDAN-CONFLICT-soudan

Pati ki ap batay yo nan konfli Soudan an sede devan presyon entènasyonal e yo fè konnen ayè dimanch la akò sese-l-fe ki pwal bout a minwi an ta jwenn yon pwolongasyon pou yon lòt 72è.

Gen yon sese-l-fe ki deja la men ke 2 pati yo pa te tèlman respekte. Li te la pou 2 kan yo kite yon pasaj san danje pou moun e pou ouvè yon wout pou peyi a resevwa èd imanitè, men vyolans la te kontinye. Chak pati akize lòt la pou vyolasyon yo.

Li preske enposib pou moun jwenn pwodui premye nesesite tankou manje ak dlo.

Yon lòt kote, doktè Ameriken Bushra Ibnauf Sulieman pèdi lavi li pandan li t ap kontinye travay li nan Soudan malgre gwo batay malouk ki ap dewoule nan kapital peyi a.

Pandan li t ap soti lakay li semèn pase a, yon gwoup moun te antoure l nan lakou li, e yo touye l ak kout kouto devan fanmi l.

Li te konn ale Soudan tanzantan pou ede moun ki pi pòv yo jwenn swen medikal gratis e pou li te pase tan avèk paran li ki malad.

XS
SM
MD
LG