Accessibility links

Breaking News

LaRisi lanse 18 Misil Sou Kyèv


CT Yanevsky Russia's War in Ukraine Day 432 05012023
CT Yanevsky Russia's War in Ukraine Day 432 05012023

LaRisi lanse 18 misil sou kapital Ikrèn nan Kyèv maten an. Ikrèn fè konnen li bloke 15 nan yo. Premye nouvèl ki soti Kyèv te fè konnen pa gen viktim, dapre ajans nouvèl Associated Press (AP).

Pandan lannwit la tou, LaRisi te vize vil Pavlohrad nan lès Ikrèn ak yon frap misil. AP rapòte ke 7 misil te vize vil la, men ke fòs defans anti-aeryen te bloke kèk nan yo. Ajans nouvèl Reuters rapòte ke 34 moun, pami yo 5 timoun, blese nan frap la.

Nouvèl la ki sou Twitter, fè konnen gen imaj ki moutre ke LaRisi « fè yon gwo efò » pou ranfòse sekirite sou fwontyè nò Krime, « antwòt gen yon liy defans plizyè nivo nan zòn toupre vilaj Medvedevka. »

Anplis, dapre ministè-a, LaRisi fouye « dè santèn kilomèt tranche byen lwen andan teritwa tradisyonèl li, antwòt nan rejyon Belgorod ak Kursk. »

XS
SM
MD
LG