Accessibility links

Breaking News

Tònad nan Florid Chavire Machin, Kraze kay


This photo provided by Alicia Jossey shows debris covering the street in East Brewton, Alabama, June 19, 2021.
This photo provided by Alicia Jossey shows debris covering the street in East Brewton, Alabama, June 19, 2021.

PALM BEACH GARDENS, Fla. (AP) — Yon tònad ki ateri nan Palm Beach Gardens, nan eta Florid, ranvèse machin, kase pye bwa epi kraze kay.

Sèvis Nasyonal Meteyo nan Miami di tònad la te kòmanse fè dega byen ta samdi apremidi toupre Palm Beach Gardens Medical Center epi li te pran direksyon nòdès.

Dega tanpèt la te fè te fòse otorite yo nan vil la fèmen gran wout yo pandan travayè te ap retire fatra epi enspekte debri yo.

Gen imaj ki montre machin ki chavire sou wout yo, branch bwa ki tonbe sou machin ak sou kay yo.

Depatman Lapolis Palm Beach Gardens pa rapòte okenn gwo blesi ni ka lanmò.

XS
SM
MD
LG