Accessibility links

Breaking News

Soudan: Yon Responsab Sekirite Ansyen Prezidan OmaR al-Bashir, anonse li Menm ak lòt Ansyen Lidè Jwenn Libète yo


FILE - Sudan's former president Omar Hassan al-Bashir smiles as he is seen inside a cage at the courthouse where he is facing corruption charges, in Khartoum, Sudan August 31, 2019.
FILE - Sudan's former president Omar Hassan al-Bashir smiles as he is seen inside a cage at the courthouse where he is facing corruption charges, in Khartoum, Sudan August 31, 2019.

Pandan gen yon sesel-fe frajil nan Soudan, kèk manm ansyen rejim nan, pami yo prezidan depoze Omar al-Bashir kite prizon kote yo te fèmen, sa ki fè moun ap mande ki kote yo ye. Lame Soudan an akize Fòs Sipò Rapid (RSF) paramilitè yo kòmkwa yo te atake prizon an, pandan RSF akize akize lame a kòmkwa se li ki lage ansyen lidè yo.

Ahmed Haroun, yon responsab sekirite pou ansyen prezidan Soudan Omal al-Bashir, anonse ayè madi a li menm ak lòt ansyen lidè jwenn libète yo nan prizon Kober nan kapital la Khartoum kote yo te fèmen.

Haroun di media leta Tele Soudan ke prizonye yo te jwenn pèmisyon pou jete yo dimanch, apre lese-frape te pete toupre prizon an ki pa te ka pran swen yo akoz batay yo.

Haroun di tout prizonye yo te manke dlo, kouran ak swen sante. Li ajoute ke kèk nan yo te blese nan boukantay kout zam ki t ap fèt nan zòn nan

XS
SM
MD
LG