Accessibility links

Breaking News

Nasyonzini di pa gen 'Okenn Siy' ki Montre Ke 2 Jeneral yo nan Soudan Pare pou Negosye


COMBO-SUDAN-CONFLICT-BURHAN-DAGLO
COMBO-SUDAN-CONFLICT-BURHAN-DAGLO

Anvwaye espesyal Nasyonzini an nan Soudan te di Madi 24 avril la pa gen okenn siy ke 2 pati yo nan lagè a pare pou fè negosyasyon serye.

Dapre Volker Perthes, ki t ap pale ak Konsèy Sekirite Nasyonzini an sou koneksyon videyo etan nan Port Soudan, chak nan 2 pati yo panse li ka ranpòte viktwa militè sou lòt la.

Perthes di: “Sa a se yon move kalkil. Toutotan batay ap kontinye, sa pral anpeche lalwa ak lòd tabli nan peyi a. »

Soudan ka vin separe pak an pak an plizyè moso ki ap ogmante, sa ki ka devaste rejyon an. E menm si yon pati ta genyen militèman, se Soudan ki pral pèdi."

Batay ant Fòs Lame Soudan yo ak Fòs Sipò Rapid paramilitè yo te kòmanse nan dat 15 avril la.

Tou 2 pati yo te dakò pou yo sispann goumen pou 72 èdtan kòmanse Madi, e sa sanble ap kenbe "nan kèk pati jis kounyea", dapre Perthes.

Li di, "Sepandan, nou ka tande nouvèl sou twoup ki kontinye ap batay e ki ap deplase nan vil la."

Gen kèk lopital ki detwi nan zak vyolans yo, e gen zòn rezidansyèl ki tounen chann batay e sa vin deklanche yon kriz imanitè.

Gen plizyè santèn moun ki mouri ak dè milye blese lè fòs paramilitè yo pran pozisyon nan katye sa yo, kote lame a vize yo etan anlè.

Dè milye sitwayen kouri kite kapital la men gen anpil ki rete bloke andan lakay yo.

Biwo imanitè Nasyonzini an di ke mank manje, dlo, medikaman ak gaz fè lavi a vin "ekstrèmman difisil", kote pri tout pwodwi ap monte.

Ajans refijye Nasyonzini an prevwa ke dè santèn milye moun nan Soudan ka kouri al lage kò yo nan peyi vwazen yo.

XS
SM
MD
LG