Accessibility links

Breaking News

Byelorisi Ap Evite Patisipe Dirèkteman nan Lagè Ikrèn Nan

Russian President Vladimir Putin and Belarusian President Alexander Lukashenko pose for a photo prior to the Supreme State Council of the Union State Russia-Belarus meeting in Moscow, Apr. 6, 2023. (Gavriil Grigorov, Sputnik, Kremlin Pool Photo via AP)

TALLINN, Estoni (AP) — Prezidan Byelorisi Alexander Lukashenko akeyi plizyè milye twoup Ris nan peyi a, e li te kite Kremlin sèvi ak peyi li pou lanse envazyon nan Ikrèn ane pase, epi li te ofri Larisi pou mete kèk zam nikleyè taktik lakay li.

Men, jis kounyea Byelorisi evite patisipe dirèkteman nan lagè a.

Sa pa gen lontan, yo te mande gason nan Byelorisi pou pran fòmasyon militè, e sa te bay laperèz kòmkwa Moskou ta ka atire alye solid li a pou antre nan konfli a.

Kèk analis ak opozan politik di ke si Byelorisi bay plis patisipasyon nan lagè a, sa ka soulve ankò kòlè piblik la kont Lukashenko ki gen prèske 29 ane sou pouvwa a.

XS
SM
MD
LG