Accessibility links

Breaking News

Afrik di Sid: Cyril Ramaphosa Mande pou Pretoria kite CPI


STA thumbnail
STA thumbnail

Prezidan Afrik di Sid, Cyril Ramaphosa, anonse ke "pati li a ki sou pouvwa a, Kongrè Nasyonal Afriken an (ANC), deside ke li pridan pou Afrik di Sid retire tèt li nan CPI “Tribrinal Penal Entènasyonal”.

Ramaphosa di desizyon an te vini apre yon reyinyon Kongrè Nasyonal Afriken an (ANC) nan wikenn nan, e sa pati a konsidere kòm tretman enjis tribinal la anvè kèk peyi, li konte anpil nan desizyon an.

CPI te mete yon manda arestasyon pou Vladimir Putin nan mwa Mas la, sa vle di Pretoria, ki gen pou òganize somè BRICS la ane sa a, ta dwe arete Putin lè li rive.

XS
SM
MD
LG