Accessibility links

Breaking News

Soudan: Aprè Anpil Negosyasyon Fòs Ame Yo Dakò pou Kanpe Afrontman yo


FILE PHOTO: Smoke rises over the city as army and paramilitaries clash in power struggle, in Khartoum
FILE PHOTO: Smoke rises over the city as army and paramilitaries clash in power struggle, in Khartoum

Gwoup ki ap batay yo nan Soudan antre nan yon sese-lfe Madi apre sa ke Etazini te rele « anpil negosyasyon ».

Fòs Ame Soudan yo ak Fòs Sipò Rapid yo pwomèt an piblik ke yo ap fè yon kanpo nan batay yo.

« Pou sipòte yon fen dirab nan batay yo, Etazini pwal fè aranjman ak patnè rejyonal ak entènasyonal li yo, ak pati sivil konsène yo nan Soudan, pou ede nan kreyasyon yon komite pou sipèvize negosyasyon an, konklizyon ak aplikasyon yon antant pou batay yo fini e pou gen distribisyon èd imanitè nan Soudan, » se sa ki di nan yon kominike Sekretè Deta Etazini Anthony Blinken.

Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS) avèti madi ke gen yon “kokenn danje byolojik” pou kontaminasyon, apre youn nan pati ki ap batay yo nan konfli Soudan an te okipe yon laboratwa ki gen jèm maladi saranpyon ak kolera ak lòt materyèl danjere.

Nima Saeed Abid, ki se reprezantan OMS nan Soudan, di : « Pi gwo pwoblèm nan sèke teknisyen paka rive nan laboratwa a pou mete kontwòl sou materyèl byolojik ki ladann yo. »

Pou pi piti gen 427 moun ki pèdi lavi ak 3-mil-700 lòt ki blese depi batay te tanmen 15 Avril pase. Sekretè-Jeneral l-ONU Antonio Guterres mande pou Konsèy Sekirite l-ONU an fè yon reyinyon sou Soudan madi.

XS
SM
MD
LG