Accessibility links

Breaking News

Ikrèn:Yon Misil Ris Frape yon Mize Nan Vil Kupiansk


Aftermath of a Russian missile strike in Kupiansk
Aftermath of a Russian missile strike in Kupiansk

Otorite nan Ikrèn di yon misil ris frape yon mize nan vil Kupiansk madi, kote pou pi piti gen yon moun ki pèdi lavi ak 10 lòt ki blese.

Prezidan Ikrèn Volodymyr Zelenskyy di LaRisi ap fè tou sa li kapab pou detwi istwa Ikrèn, kilti li ak pèp li.

Fòs ris yo te sezi Kupiansk, yon pwen enpòtan kote chemennfè rankontre nan nòdès Ikrèn, lè envazyon an te fèk koumanse ane pase. Fòs Ikrèn yo te repran li an Septanm.

Yon lòt kote, Sekretè-Jeneral l-ONU Antonio Guterres pwopoze Prezidan ris Vladimir Putin yon mwayen pou Antant Sereyal Lanmè Nwa a kontinye vanse.

Guterres bay plan pwopozisyon li a nan yon lèt li voye bay prezidan ris la sou “amelyorasyon ak lajisman” yon antant pou sereyal ki ta pèmèt Ikrèn ekspòte sereyal li san danje sou Lanmè Nwa a, se sa yon pòtpawòl l-ONU di lendi apre Guterres ak Minis Afè Etranjè ris Sergei Lavrov te rankontre nan New York.

Pòtpawòl Ministè Afè Etranjè LaRisi Maria Zakharova di lendi gen pati ki pa respekte yon akò ant Moskou ak Nasyon Zini sou ekspòtasyon sereyal ak angrè LaRisi e ke gen “anpil detay” ki dwe sou tab diskisyon ant Minis Afè Etranjè ris Sergei Lavrov ak Sekretè-Jeneral Guterres.

-

XS
SM
MD
LG