Accessibility links

Breaking News

Etazini Refize Bay Viza Ak Jounalis ki te vle al kouvri vwayaj Sergey Lavrov la nan New York


Russian Foreign Minister Sergey Lavrov attends a meeting of foreign ministers of the Commonwealth of Independent States, in Samarkand, Uzbekistan, April 14, 2023. (Russian Foreign Ministry Press Service via AP)
Russian Foreign Minister Sergey Lavrov attends a meeting of foreign ministers of the Commonwealth of Independent States, in Samarkand, Uzbekistan, April 14, 2023. (Russian Foreign Ministry Press Service via AP)

LaRisi fè konnen dimanch Etazini refize viza pou jounalis ki te vle al kouvri vwayaj Minis Afè Etranjè Sergey Lavrov nan New York, e Lavrov di Moskou ap pran gwo aksyon pou reponn kif-kif.

Depatman Deta ameriken pa te pale touswit sou pawòl refi ke jounalis yo ta jwenn nan. « Etazini pran oserye obligasyon li kòm peyi ki gen syèj l-ONU lakay li nan kad Akò Katye Jeneral l-ONU an, antwòt sou kesyon viza, » se sa yon pòtpawòl Depatman Deta di nan yon kominike.

Jounalis yo te vle al kouvri prezantasyon Lavrov nan Nasyon Zini kote LaRisi pwal pran tèt Konsèy Sekirite a.

« Yon peyi ki rele tèt li peyi ki pi solid, pi entelijan, lib e onèt, li pase anba e fè yon bagay estipid kote li moutre ki sa sa vo, lè li sèmante pou bay asirans ke li ap pwoteje libète lapawòl e kite moun jwenn enfòmasyon. » Se konsa Lavrov te pale lè li t ap kite Moskou dimanch.

Li ajoute, « Nou mèt sèten ke nou pap bliye sa e ke nou p ap padone l. »

XS
SM
MD
LG