Accessibility links

Breaking News

Kenya: Lapolis Jwenn 47 Kadav Antere sou Teren Kay yon Pastè

Police and local residents load the exhumed bodies of victims of a religious cult into the back of a truck in the village of Shakahola, near the coastal city of Malindi, in southeastern Kenya, April 23, 2023.

NAIROBI, Kenya (AP) — Lapolis di jiskaprezan yo te dekouvri 47 kadav sou tè yon pastè posede nan Kenya, e ke yo mete paste a anba kòd paske li te mande disip li yo pou yo jene jiskake yo mouri.

Yon responsab lapolis di ke yo te fouye teren an dimanch e rale 18 lòt kadav anba tè. Yo kwè moun ki mouri yo se patizan pastè Paul Makenzi.

Lé otorite nan lapolis yo te anvayi kay la yo jwenn 15 moun ki megri, ki sanble te gen plizyè jou san manje, e 4 nan yo te mouri pita.

XS
SM
MD
LG