Accessibility links

Breaking News

Kou Siprèm Etazini Prezève Aksè ak Pilil Avòtman an Pou Kounyea


Kou Siprem Etazini, Vandredi 21 Avil, 2023 nan Washington.
Kou Siprem Etazini, Vandredi 21 Avil, 2023 nan Washington.

Kou Siprèm Etazini prezève aksè medam yo ak yon medikaman yo konn sèvi pou fè dilatasyon. Se konsa tribinal ki gen plis pouvwa Ozetazini rejte restriksyon tribinal federal te mete sou medikaman an, an atandan pwosè sou kestyon an ap rapousuiv.

Jij yo akòde Vandredi deman dijans administrasyon Biden nan ak konpayi famaseutik Danco Laboratories ki gen katye jeneral li nan Nouyòk, e ki fabrike medikaman an ki rele mifepristone.

Yo te ale ann apèl kont desizyon yon tribinal ki ta wetire konsantman Administrasyon Manje ak Medikaman an, FDA pou mifepristone ka vann sou mache a.

Medikaman an apwouve pou itilizasyon Ozetazini depi ane 2000 e gen plis pase 5 milyon moun ki sèvi avè l.

Mifepristone se yon konprime doktè yo sèvi ansanm ak yon lòt medikaman ki rele misoprostol nan plis pase mwatye ka avòtman ki fèt Ozetazini.

XS
SM
MD
LG