Accessibility links

Breaking News

Kou Siprèm Etazini Pare pou Pran yon Desizyon sou Restriksyon Pilul Avòtman yo


Bwat medikaman mifepristone sou yon etaje nan yon sant pou fanm nan Tuscaloosa, Alabama, 16 Mas 2022.
Bwat medikaman mifepristone sou yon etaje nan yon sant pou fanm nan Tuscaloosa, Alabama, 16 Mas 2022.

Kou Siprèm Etazini ap deside si medam yo pral fè fas ak restriksyon pou achte yon medikaman ke yo sèvi nan metòd pi komen avòtman Ozetazini, an atandan yon pwosè ap rapousuiv.

Jij yo sipoze anonse desizyon yo jodi Mèkredi a sou yon pwosè nan eta Texas kote opozan avòtman yo ap chache anile apwobasyon Administrasyon Manje ak Medikaman an te bay pou remèd ki rele Mifepristone nan.

FDA te apwouve medikaman sa a an 2000.

Manifestan anti-avotman rasanble devan Kou Siprem Etazini nan Washington 19 Avril 2023.
Manifestan anti-avotman rasanble devan Kou Siprem Etazini nan Washington 19 Avril 2023.

Règleman ki gen rapò ak sikonstans kote yon moun ka pran medikaman sa a te soulaje pandan ane ki pase yo, e li disponib sèlman pa kourye nan kèk eta.

Administrasyon Biden nan ak Danco Laboratories, konpayi nan Nouyòk ki fabrike medikaman an vle pou Kou Siprèm nan rejte limit tribinal yo enpoze kont itilizasyon mifepristone nan.

XS
SM
MD
LG