Accessibility links

Breaking News

Prezidan Kore di Sid la ap Washington Lendi

Yoon Suk Yeol, kandida a la prezidan Pati Pouvwa Pep la, ki eli nouvo prezidan Kore di Sid Jedi, pale pandan manm pati li ak palmante Asanble Nasyonal yo felisite'l nan vil Seroul, Kore di Sid, 10 Mas 2022.

Prezidan Kore di Sid, Yoon Suk Yeol, ap vwayaje Washington Lendi, nan objetif pou ranfòse koperasyon militè ant de peyi yo - ansanm ak tout Japon - yon fason pou kontrekare pwogram nikleyè Kore di Nò a.

Fas ak yon pil lansman misil balistik Kore di Nò fè ane sa a, Msye Yoon ap chèche ranfòse relasyon li ak alye ameriken li.

Men popilarite lidè Kore di Sid la bese lakay li.

Li difisil anpil pou li fè sitwayen li yo rete tèt frèt, pandan yo ap gen plis kè-sote sou angajman Ameriken pran pou dekouraje tout peyi ki ta vle atake alye li yo nan rejyon an.

Sondaj yo montre ke majorite Sid Koreyen kounye a vle pou Seoul gen pwòp zam nikleyè pa l.

XS
SM
MD
LG