Accessibility links

Breaking News

2 fòs Lame Kap Batay nan Soudan Dakò pou Kanpe Afrontman yo Pou 24 Èdtan


FILE - Smoke rises over the horizon as a fire burns after a strike in Khartoum, Sudan, April 16, 2023.
FILE - Smoke rises over the horizon as a fire burns after a strike in Khartoum, Sudan, April 16, 2023.

Fòs rival yo ki ap batay nan lari kapital Soudan deklare yon nouvo sese-fe pou 24 è ayè mèkredi a, yon jou apre yon kanpo konsa te echwe.

Fòs ame Soudan yo ak Fòs Sipò Rapid paramilitè yo (RSF) te anonse, yo chak bò kote pa yo, yo t ap fè yon kanpo tanporè nan batay apati 6 zè yè swa, lè zòn-nan.

Nouvèl yo pale de batay tanzantan apre sese-lfe a te antre ann aplikasyon.

Nan Washington, Sekretè laprès Mezon Blanch Karine Jean-Pierre, mande pou 2 kan yo respekte kanpo a, “renonse ak vyolans e retounen bò tab negosyasyon yo”.

Nouvèl yo te rapòte anvan sa gwo batay, ayè mèkredi a, nan alantou prensipal katye-jeneral lame a nan Khartoum, kote djèt militè te lanse frap sou fòs RSF yo ki t ap chache pran kontwòl katye-jeneral la.

XS
SM
MD
LG