Accessibility links

Breaking News

Palman Ewopeyen an Denonse Yon Lwa kont LGBT + Ke Peyi Ouganda Adopte


UGANDA-LGBT/ACTIVIST
UGANDA-LGBT/ACTIVIST

Depite ewopeyen yo denonse, nan yon rezolisyon ke yo adopte Jedi, yon lwa ki gen ladan anpil represyon kont LGBT +, ki pase nan peyi Uganda, e yo lage avètisman bay Prezidan Yoweri Museveni pou li pa mete lwa a ann aplikasyon.

Pwojè lwa sa a, ki bay prizon avi oswa menm pèn lanmò, pou moun ki "pratike zak omoseksyèl” oswa "ki ankouraje moun pratike” gason makonmè oubyen madivin, li "vyole Konstitisyon Ouganda a, ansanm ak obligasyon Uganda pa rapò ak Chart Afriken pou Dwa Moun ak Dwa pèp yo, ak lalwa , yo pwomèt pou yo sèvi ak "tout mwayen diplomatik, legal ak finansye entènasyonal," se sa deklarasyon palman ewopeyen an di.

Palmantè yo nan peyi Ouganda vote pou lwa sa 416 vwa anfavè, 62 kont ak 36 abstansyon, kidonk moun ki pa vote.

Yo "kritike tou kontribisyon Prezidan Museveni nan lwa sa akoz diskou piman bouk rayisab li kont moun LGBT + yo”, e rezolisyon an ajoute ke "relasyon Inyon Ewopeyen an ak Uganda ap an danje si Prezidan an pibliye pwojè lwa sa ".

Depite yo mande Komisyon Ewopeyen an ak sèvis diplomatik Inyon Ewopeyen pou fè sa ki nesesè" pou sere boulon Yoweri Museveni e konsa konvenk li pou l pa siyen lwa sa.

XS
SM
MD
LG