Accessibility links

Breaking News

Gouvènè Texas. ap chèche padone sèjan Lame ke Lajistis kondane poutèt li te touye yon Manifestan


美国德州州长阿博特(Greg Abbott)2022年初竞选连任,并成功当选。(路透社)
美国德州州长阿博特(Greg Abbott)2022年初竞选连任,并成功当选。(路透社)

AUSTIN, Texas (AP) — Gouvènè eta Texas Greg Abbott ap chèche padone yon sèjan Lame Amerikèn ki te jwenn kondanasyon poutèt li te touye an 2020 yon manifestan ame pandan moun t ap pwoteste nan tout peyi a kont vyolans lapolis ak enjistis rasyal.

Samdi, Abbott te poste yon tweet ki di ke paske li ka pran yon aksyon konsa sèlman sou rekòmandasyon Komite Padon ak Pawòl, li mande komite a pou rekòmande yon padon ak akselere demann li a.

Yon jiri nan Travis County te kondane sèjan Daniel Perry Vandredi deske li te touye Garrett Foster ki te gen 28-zan pandan yon manifestasyon nan Austin.

XS
SM
MD
LG