Accessibility links

Breaking News

Men Kisak te Pase ant Trump ak Jij la Pandan Odisyon li Devan Tribinal Manhattan


Ex-Prezidan Donald Trump devan kite tribinal la nan Nouyok, 4 Avril 2023.
Ex-Prezidan Donald Trump devan kite tribinal la nan Nouyok, 4 Avril 2023.

Avoka Gouvenman Manhattan nan, Alvin Bragg pibliye Madi yon vesyon kavyarde akizasyon ofisyel kont ansyen Prezidan Etazini Donald Trump. Akizasyon yo gen pou we ak lajan Trump te peye yon aktris film porno ki rele Stormy Daniels an 2016 an echanj pou silans li.

Trump plede non koupab a 34 chef akizasyon pou falsifikasyon dosye komesyal - sete yon moman istorik pou peyi Etazini.

Dokiman an te vinn piblik yon ti tan apre ex-prezidan an ki deja pran devan nan kous pou nominasyon pati Repibliken an pou eleksyon 2024 la te reponn prezan nan tribinal la, kote yo te pran anprent li, fotografye l epi akize l ofisyelman.

Yon Jounalis ki te Andedan Tribinal Manhattan nan Rakonte Sak Pase ant Trump ak Jij la
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:44 0:00

Li se premye prezidan aktyel ou ex-prezidan Etazini ki janm fe fas ak akizasyon kriminel.

Jounalis Associated Press Mike Sisak te kouvri paret Trump la devan tribinal Manhattan nan.

"Li te pase yon he'd tan nan tribinal la kote li preske pat pale diou. Li kite avoka yo pale pito. Le yo mande l kijan li plede fas ak akizasyon yo li te reponn ak femte 'non-koupab'. E petet moman pi drajatik pwosesus la bo kote Trump sete le li tap kite tribinal la epi li te vire gade avoka gouvenman Bragg epi ba li kout je anvan li te kite sal la."

Pami chef akizasyon yo - genyen le fet ke Trump te falsifye dosye ki gen rapo ak chek li te voye bay avoka pesonal li pou ranbouse li pou wol li te jwe nan peye aktris porno a. Trump tap chache anpeche li fe piblik la konnen li te gen yon relasyon seksyel ak li pandan li te marye.

Jounalis Mike Sisak di Jij la te rale zorey Trump tou.

"Jij la te rale zorey Donald Trump poutet yon mesaj li pibliye sou rezo sosyal yo kote li atake pwosesis Gran Juri a epi atake entegrite ka a. Te gen anpil pawol piman bouk nan mesaj la tou pa rapo ak Alvin Bragg, epi temwen yo - pami yo Michael Cohen ak Stormy Daniels. Jij la pase lod bay Trump pou l sispann pale konsa piblikman. Pou kounyea jij la pa mete babouket nan bouch li e avoka akizasyon yo pat mande sa. Sepandan jij la mande avoke defans yo ankouraje Donald Trump pou l mete dlo nan diven li e pa fe okenn komante ki taka ensite moun pou yo komet zak vyolans ak dezod."

Trump va gen pou l tounen nan tribinal la nan fen ane sa a.

"Li sipoze tounen nan tribinal la 4 Desanm. Avoka defans yo mande pemisyon pou l pa oblije prezan. Yo mande sa akoz sikonstans ekstraodine yo pou mennen Donald Trump nan tribinal la. Yo site sekirite, pri sa pral kote epi kote lojistik la. Sepandan juj Juan Mershon kap prezide ka a di li pa gen entansyon kite Trump eskive pwochen paret li devan tribinal la. "

Nap raple ke yon kondanasyon lajistis, pap anpeche Trump ni poze kandidati li a la prezidans, ni genyen prezidans la an 2024.

XS
SM
MD
LG