Accessibility links

Breaking News

Minis Komès End Deklare Ke New Delhi ap Sipòte Lide pou Woupi Sèvi Kòm Lajan pou Komès Entènasyonal


FILE - A fruit vendor counts a wad of Indian Rupee currency notes for payment at his roadside stall in Mumbai on July 19, 2022.
FILE - A fruit vendor counts a wad of Indian Rupee currency notes for payment at his roadside stall in Mumbai on July 19, 2022.

Peyi End fè kèk pa pou pouse pwòp lajan pa li nan komès entènasyonal nan kad yon efò pou akselere ekspòtasyon li nan peyi ki gen rate dola oubyen ki anba sanksyon loksidan yo.

Kèk ekspè nan komès di mouvman pou pouse lajan endyen an, woupi a, kòm yon ranplasan pou dola a ak lòt lajan tankou ewo, li pran vitès depi loksidan te mete sanksyon kont LaRisi apre envazyon li nan Ikrèn nan te pouse New Delhi ak Moskou fè komès ak lajan ki se pa dola, men woub ak woupi.

End pa mele nan sanksyon Etazini yo e enpòtasyon petwòl brit meyè mache ki soti LaRisi pou antre lakay li ogmante an flèch nan ane ki pase a.

Minis Komès End, Sunil Barthwal, di nan yon konferans pou laprès vandredi a ke New Delhi ap sipòte lide pou woupi sèvi kòm lajan pou komès entènasyonal.

End se youn nan peyi ki ap chache mwayen evite sèvi ak dola a ki domine komès entènasyonal depi dè dizèn lane.

Kèk ekspè di aksyon sa a ka ede pouse komès End ak peyi nan Sid Azi tankou Sri Lanka ak Bangladesh ki gen yon rate dola. Menm jan ak anpil peyi an devlopman, pri petwòl ak manje nan mond la, ki moute depi lagè Ikrèn nan, mete presyon sou rezèv lajan etranje nan 2 peyi sa yo.

XS
SM
MD
LG