Accessibility links

Breaking News

2èm Somè Sou Demokrasi


USA-BIDEN/
USA-BIDEN/

Depatman Deta ameriken ap òganize 2èm Somè sou Demokrasi li ki gen patisipasyon 120 peyi, kèk gwoup nan sosyete sivil ak kèk konpayi teknoloji.

Somè a ki ap sitou dewoule sou entènèt ap gen kèk peyi ki te resevwa kritik, sa pa gen lontan, kòmkwa yo gen pratik ki pa demokratik, tankou End, Israel ak Polòy.

Aktivite jodi a yo pwal santre sou Ikrèn.

Madi, Pakistan di li p ap patisipe nan 2èm Somè sou Demokrasi a, kote li fè konnen li pwal angaje pito nan diskisyon sou demokrasi ak Washington.

Yon kominike Ministè Afè Etranjè nan Islamabad te di Washington mèsi pou envitasyon an men li pa bay rezon ki fè li p ap patisipe nan evènman an. Sepandan, kèk kritik panse ke se paske alye li depi lontan LaChin pa jwenn envitasyon, menm jan sa te pase nan premye somè Biden nan an Desanm 2021.

XS
SM
MD
LG