Accessibility links

Breaking News

UGANDA: Yon Kowalisyon Sosyete Biznis Entènasyonal di Lwa kont Gason Makonmè Ak Madivin nan ta ka fè ekonomi an mal


Uganda Paliarment
Uganda Paliarment

Pwojè lwa kont LGBTQ a, kidonk antwòt gason makonmè ak madivin nan, ke palman peyi Uganda te vote semèn pase yo, se yon menas pou ekonomi peyi a, dapre koalisyon yon sosyete biznis entènasyonal ki gen ladan Google ak Microsoft.

Kowalisyon an di ke pwojè lwa a, ki konsidere kòm kriminèl moun yo idantifye kòm madivin, gason makonmè, 2 sistèm, transjanr, elatriye ta domaje ekonomi Uganda a, e li ta redui envestisman ak dekouraje touris vizite peyi a.

Yvonne Muthoni se alatèt kowalisyon an pou peyi Kenya.

Li di “desisyon sa mete biznis yo nan yon sitiyasyon enposib, swa yo vyole lalwa nan Uganda, oswa yo ale kont modèl entènasyonal ki fikse responsablite antrepiz yo, oswa kont lwa sou dwa moun nan peyi kote yo gen katye jeneral yo."

Manm kowalisyon an, pami yo Google, Mastercard, Unilever, Standard Chartered, PwC ak Deloitte, yo tout gen operasyon nan Uganda.

Minis enfòmasyon Uganda a pa t disponib imedyatman pou fè kòmantè.

Pwojè lwa a enpoze pèn lanmò pou moun ki komèt sa yo rele omoseksyalite grav nan Uganda.

Li defini defini omseksyalite grav la kòm relasyon ak yon moun menm sèks ki pako gen 18 an kòm relasyon moun menm sèks lè gen youn nan yo ki pako gen 18 an; lè moun ki komèt zak la gen viris VIH la; ak lòt kategori.

Dokiman an ap tann kounye a siyati Prezidan Yoweri Museveni.

Museveni poko pale sou sa - menmsi li te siyen yon lwa ki menm jan an, an 2014, ki te pwovoke kondanasyon entènasyonal, anvan yon tribunal nasyonal te anile li sou baz ke li pa te respekte fòmalite legal yo.

Semèn pase a, Etazini te dekri pwojè lwa sa kòm youn nan aksyon ki pi ekstrèm ki fèt kont kominote LGBTQ a nan mond lan.

XS
SM
MD
LG