Accessibility links

Breaking News

Meteyowolojis yo Predi Move Tan, Tòrnad pou Santwès, Sid Etazini


Foto Achiv: Debri yon tornad ki ravaje plizye kay nan vil Rolling Fork, eta Mississippi, 26 Mas, 2023.
Foto Achiv: Debri yon tornad ki ravaje plizye kay nan vil Rolling Fork, eta Mississippi, 26 Mas, 2023.

Meteyowolojis yo lanse apèl bay moun ki abite nan rejyon sant wès ak sid Etazini ke kapab gen move tan danjre.

Sèvis Nasyonal Meteyowoloji a lanse avètisman pou di yon seri tanpèt ak loraj Vandredi taka pote ave l grèl ak gwo van epi tòrnad puisan.

Meteyowolojis yo di zòn ki pi nan risk yo se rejyon ès Iowa, rejyon wès ak no Ilinwa, Missouri, Arkansas ak Tennesee.

Prezidan Joe Biden ak madanm ni, Premyè Dam Jill Biden gen pou vwayaje al nan vil Rolling Fork, eta Mississippi kote 13 moun mouri apre pasaj yon tòrnad.

XS
SM
MD
LG