Accessibility links

Breaking News

Kou Abitrasyon Spò a Apiye Entediksyon A Vi FIFA Enpoze kont Vis Prezidan Federasyon Foutbòl Ayisyen Grant


Logo Tribinal Abitrasyon Spo a nan Lausanne, La Suis, 27 Jyen 2022.
Logo Tribinal Abitrasyon Spo a nan Lausanne, La Suis, 27 Jyen 2022.

Kou Abitrasyon Spò a apiye entèdiksyon a vi FIFA enpoze kont vis prezidan Federasyon Foutbòl Ayisyen an, Rosnick Grant.

Oganizasyon ki jere foutbòl mondyal la te mennen ankèt sou Grant nan kad yon envestigasyon sou prezidan federasyon foutbòl Ayisyen an Yves Jean-Bart - ke yo akize de arsèlman seksyèl.

Komite Etik FIFA a idantifye Grant kòm youn nan moun ki te komèt abi seksyèl yo epi enpoze yon entèdiksyon a vi kont li an 2021.

Yo te enpoze tou yon aman 35,000 fran Suis - ke yo te redui apre yon amann inisyal de 100,000 fran Suis. Yo te di yo redui amann nan akoz kondisyon salè yo an Ayiti.

Kou Abitrasyon Spò a te ranvèse entediksyon a vi Jean-Bart la nan mwad Fevriye a.

XS
SM
MD
LG