Accessibility links

Breaking News

Palman Tiki a ap vote sou kandidati Finland pou antre nan l-OTAN


Finland Sweden NATO
Finland Sweden NATO

Finland ak vwazen li Swèd kraze dè dizèn lane kote yo te gen estati non-aliyen lè yo te fè aplikasyon pou yo antre nan alyans militè a apre LaRisi te anvayi Ikrèn ane pase.

Depi l-OTAN te fin ratifye demand yo a nan yon somè nan mwa Jiyè, eta manm l-OTAN yo chak obsève fòmalite pa yo pou yo bay apwobasyon final pou Finland ak Swèd.

Ongri fè sa pou Finland lendi a, kidonk se sèlman Tiki ki pako fini ak fòmalite pa li. Fòk tout manm yo san wete youn apwouve aplikasyon an, dapre regleman an.

XS
SM
MD
LG