Accessibility links

Breaking News

Fanmi Koup Ameriken ke Bandi Kidnape Ann Ayiti ap Chèche Liberasyon yo


Haiti US Kidnapped Couple
Haiti US Kidnapped Couple

SAN JUAN, Pòtoriko (AP) — Fanmi yon koup ameriken ke bandi kidnape ann Ayiti ap plede pou yo jwenn liberasyon.

Nikese Toussaint di ke gang te kidnape frè l, madanm li ak yon twazyèm moun ki t ap vwayaje avèk yo 18 mas pase.

Toussaint di nan yon entèvyou nan telefòn lendi ke gang nan mande $ 200,000 pou chak moun, e ke fanmi li pa gen kalite lajan sa a.

Li te di ke FBI ap ede jwenn liberasyon yo.

Kèk pòtpawòl gouvènman ameriken an pa t retounen imedyatman mesaj pou mande enfòmasyon sou kesyon an.

XS
SM
MD
LG