Accessibility links

Breaking News

Moun Bare Atis Harry Styles ap Bo Mannken Emily Ratajkowski nan Tokyo


Foto Achiv: Harry Styles nan gran premye film "My Policeman" nan Los Angeles, Kalifoni, 1 Nov. 2022.
Foto Achiv: Harry Styles nan gran premye film "My Policeman" nan Los Angeles, Kalifoni, 1 Nov. 2022.

Dapre nouvèl ki parèt nan laprès, chantè Harry Styles soulve pale anpil kom kwa lap soti ak manken Emily Ratajkowki. Moun te wè mesye dam yo ap bo nan vil Tokyo, peyi Japon Samdi 25 mas.

Imaj vedèt la ki se yon loreya pri Grammy ak mannken an ki gen 31 an tap sikile sou rezo sosyal yo pandan wikèn nan.

Styles gen yon nouvo tub popile ki rele "As It Was". Misye te Tokyo nan kad seri konsè lap prezante an Azi e ki pote kom tèm "Love on Tour". Misye pat soti ak pèson depi li te kase ak ex-menaj li Olivia Wilde nan mwad Novanm pase a.

Ratajkowski limenm fèk sot divose ak ex-mari li Sebastian Bear-McClard nan mwad Septanm 2022. Apre sa li te soti ak komedyen Eric Andre.

XS
SM
MD
LG