Accessibility links

Breaking News

Palmantè Ameriken yo pral vanse ak yon pwojè lwa ki pral entèdi TikTok nan tout Etazini


House Speaker Kevin McCarthy (R-CA) hosts a bill enrollment ceremony for legislation blocking the enactment of a DC Criminal Code Revision
House Speaker Kevin McCarthy (R-CA) hosts a bill enrollment ceremony for legislation blocking the enactment of a DC Criminal Code Revision

Palmantè ameriken yo pwal vanse pou pi devan ak yon pwojè-lwa ki soulve gwo pawòl anpil, pou entèdi app mobil Tik Tok nan tout peyi a.

Prezidan Chanm Depite a, Kevin McCarthy, anonse nouvèl la nan yon tweet dimanch, pandan otorite yo gen enkyetid sou kesyon sekirite konsènan app mobil la ki pibliye video kout, e ki se pwopriyete konpayi ByteDance ki baze nan peyi Lachin.

Apèl sanble ap ogmante nan Etazini pou entèdi TikTok nan peyi a, oswa pou pase pwojè lwa ki bay administrasyon Prezidan Joe Biden otorite legal pou entèdi app la.

Otorite Ameriken yo deja pran mezi pou entèdi Tiktok sou tout aparèy mobil gouvènman ameriken.

McCarthy di sou Twitter: "Chanm Depite a ap vanse ak pwojè lwa a pou pwoteje sitwayen Ameriken yo kont koneksyon teknolojik Pati Kominis Chinwa a."

Jedi, palmantè nan tou le 2 pati yo nan kèk Komisyon nan Chanm Depite a te sakaje PDG TikTok la Shou Zi Chew ak kesyon pandan 5 èdtan kote yo te pataje enkyetid yo sou app sa ke li ap jere a.

Yo te mande li si aplikasyon an te espyone Ameriken sou demann Peken, Chew te di "Non".

Men, repons PDG a pa te sonnen ak menm fòs la lè li t ap reponn kesyon sou enfòmasyon ke konpayi an te pibliye nan mwa Desanm ane pase ki te fè konnen kèk anplwaye ByteDance ki baze nan Lachin e ki gen aksè nan sistèm nan te vyole regleman konpayi an lè yo te antre nan enfòmasyon 2 itilizatè TikTok ki se 2 jounalis, e li fè konnen anplwaye sa yo pa nan konpayi an ankò.

Chew te di, "Mwen pa panse ke nou ta dwe dekri sitiyasyon sa kòm espyonaj."

Li te kontinye pou di konpayi an te mennen pwòp "ankèt entèn" pa li anvan li te revoke anplwaye sa yo

McCarthy te kontinye pou di nan tweet li a Dimanch:

"Sa bay enkyetid lè nou konnen ke PDG TikTok la paka onèt e ke li paka admèt sa nou deja konnen ki laverite - Lachin gen aksè nan enfòmasyon sou itilizatè TikTok yo."

App la gen 150 milyon itilizatè Ameriken.

TikTok di ke li depanse plis pase 1.5 milya dola nan efò pou jere sekirite enfòmasyon sou itilizatè yo e ke li gen kontra avèk konpayi ameriken Oracle Corp pou estoke enfòmasyon sou Ameriken ki sèvi nan TikTok.

XS
SM
MD
LG