Accessibility links

Breaking News

Kisa pou w konnen sou Alvin Bragg, avoka distri Manhattan


FILE - Manhattan District Attorney Alvin Bragg participates in a news conference in New York, Feb. 7, 2023.
FILE - Manhattan District Attorney Alvin Bragg participates in a news conference in New York, Feb. 7, 2023.

Yon gran jiri New York k ap mennen ankèt sou peman anba tab ki te fèt sou non Donald Trump pandan kanpay prezidansyèl ane 2016 la vin santre atansyon sou avoka distri Manhattan nan k ap jere dosye a.

Desizyon ke Alvin Bragg pran pou konvoke gran jiri sou dosye sa nan kòmansman ane 2023 kapab debouche sou akizasyon kriminèl kont yon ansyen prezidan ameriken.

Yo te eli Bragg kòm premye avoka Nwa nan distri Manhattan an Novanm 2021.

Karyè legal li gen ladan travay li te fè kòm yon pwosekitè federal ak avoka dwa sivik ki te reprezante manman Eric Garner.

Avoka distri Manhattan nan te gen tou yon karyè nan televizyon kote li te jwe nan pwogram tankou "Law & Order" ak "Blue Bloods".

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG