Accessibility links

Breaking News

Divizyon ap Grandi nan Pati Repibliken an Pou konnen nan Ki Pwen Etazini Dwe Kontinye Sipòte Ikrèn


FILE PHOTO: Ukraine-bound Bradley Fighting Vehicles load onto ship in South Carolina
FILE PHOTO: Ukraine-bound Bradley Fighting Vehicles load onto ship in South Carolina

Yon divizyon ap grandi nan Pati Repibliken an sou kesyon pou konnen nan ki pwen Etazini dwe kontinye sipòte Ikrèn nan efò li pou repouse fòs ris yo ki ap chache pran kèk gwo moso nan peyi a.

Pandan gen Repibliken kle nan Washington ki kontinye moutre anpil sipò pou efò Etazini, ki ekspedye dè milya dola lajan ak materyèl bay Ikrèn depi LaRisi te lanse envazyon an an Fevriye 2022, kèk vwa ki pa dakò ap fè tande yo pi fò.

Semèn sa a, Gouvènè Florid Ron DeSantis se dènye gwo vwa Repibliken ki di Etazini ta dwe wete sipò li pou Ikrèn. Malgre li pa anonse kandidati li ofisyèlman, anpil moun espere DeSantis pwal chache nominasyon pati Repibliken an pou eleksyon prezidansyèl 2024 la.

Lendi a, Tucker Carlson nan chèn televizyon Fox News te poste sou Tweeter yon text kote DeSantis reponn yon kesyon ke Carlson te poze plizyè posib kandida pou prezidan, kote li te mande yo pozisyon yo sou gè a.

“Pandan Etazini gen plizyè enterè nasyonal enpòtan pou lavi li – tankou mete sekirite sou fwontyè nou, abòde kriz kote lame nou an bezwen jarèt, asire ke nou jwenn ase enèji e ke nou endepandan nan domèn nan, e tcheke pouvwa ekonomik, kiltirèl ak militè Pati Kominis Chinwa a – rete kole nan yon chire-pit pou teritwa ant Ikrèn ak LaRisi, sa se pa youn nan pwoblèm nou yo,” se sa DeSantis ekri.

Pou gouvènè a, angajman Etazini nan Ikrèn fè li pèdi atansyon pou kèk defi serye, e li kritike administrasyon Biden nan deske li voye yon “chèk an blan” bay Kyèv, e li denonse yon politik “chajman rejim” nan LaRisi – yon bagay ke administrasyon Biden nan te di li p ap pouswiv.

Oleg Nikolenko, ki se pòtpawòl Ministè afè etranjè Ikrèn, adrese li ak gouvènè DeSantis kote li di, “Nou sèten ke kòm ansyen ofisye militè ki te nan yon zòn konba, gouvènè DeSantis konnen diferans ant yon “chire-pit” ak yon lagè. Nou envite li nan Ikrèn pou li vin wè sityasyon an. »

XS
SM
MD
LG