Accessibility links

Breaking News

Lame Etazini Pibliye Video Ki Moutre Kote Lame Ris Te Entèsepte yon Dronn Ameriken


Yon avyon Ris Su-27 kap pwoche yon dron Ameriken MQ-9 komanse lage petwol sou li pandan lap pase sou Lanme Nwa a, dapre Pantagon nan.
Yon avyon Ris Su-27 kap pwoche yon dron Ameriken MQ-9 komanse lage petwol sou li pandan lap pase sou Lanme Nwa a, dapre Pantagon nan.

Lame Etazini pibliye yon video jedi ki moutre kote lame ris te entèsepte yon dronn siveyans ameriken, madi, e lakoz li tonbe nan Lanmè Nwa.

Video a moutre yon avyon de gè Sukhoi Su-27 ki t ap lage kabiran pandan li t ap pwoche pa dèyè dronn ameriken MQ-9 la e pase anlè li.

Yon 2èm Sukhoi Su-27 te pwoche menm jan an, e lè li te rive sou dronn nan, te gen yon deranjman nan video a nan moman kote, dapre lame ameriken, avyon konba ris la te fè kolizyon ak dronn nan.

Yon dènye pati nan video a moutre ke imaj la reparèt e ke yon lam nan pwopilsè a pliye.

Video a parèt yon jou apre Sekretè Defans Etazini Lloyd Austin te pale ak tokay ris li sou ensidan an.

« Etazini pwal kontinye vole e opere kèlkeswa kote lalwa entènasyonal pèmèt li fè sa, e se devwa LaRisi pou li opere avyon militè li san danje e yon fason pwofesyonèl, » se sa Austin di jounalis yo apre li te anonse ke li te « fèk sot pale nan telefòn ak Minis Defans ris Sergei Shoigu. »

Se premye fwa 2 lidè defans yo pale nan telefòn depi mwa Oktòb ane pase, dapre otorite yo.

XS
SM
MD
LG