Accessibility links

Breaking News

Lindsay Lohan Anonse li Ansent sou Instagram


Foto Achiv: Lindsay Lohan nan defile mod Christian Siriano a, 9 Fevriye 2023.
Foto Achiv: Lindsay Lohan nan defile mod Christian Siriano a, 9 Fevriye 2023.

Aktris Lindsay Lohan ansent ak premye pitit la. Aktris la, ki te ranpòte renome pou pefòmans li nan film "Mean Girls" la anonse nouvel la sou kont Instagram li, Madi.

Lohan pibliye yon foto yon rad pou tibebe ak pawòl "Lap rive talè".

Magazin People rapòte ke Lohan te marye ak finansye Bader Shammas an 2022.

Associated Press voye yon mesaj bay reprezantan Lohan pou komantè men li poko reponn.

Aktris la ki gen 36 zan te kon okipe premye paj jounal ki bay zen yo, men lap viv nan peyi etranje depi plizyè zane kote li pa parèt an piblik souvan.

Sa pa gen lontan, Lohan te rekomanse jwe nan film. Li te parèt pa egzanp nan film "Falling for Christmas" la ke ou ka wè wou rezo streaming Netflix. Li parèt tou nan film komik womantik "Irish Wish" la.

XS
SM
MD
LG