Accessibility links

Breaking News

Minis Afè Etranjè yo nan Inyon Ewòp la Rasanble Nan Stockholm


Finland Nato
Finland Nato

Minis afè etranjè yo nan Inyon Ewòp la rasanble mèkredi nan Stockholm, nan peyi Swèd, pou yo pouse lide pou voye plis minisyon bay fòs Ikrèn yo, e mete sa kòm yon gwo priyorite pou yo.

Nan pale ak jounalis anvan reyinyon an, Minis Defans Estoni, Hanno Pevkur, plede pou peyi nan Inyon an yo bay plis lajan pou yo ka pwodui ansanm minisyon pou Ikrèn, e li di efò efò sa a pwal ranfòse kapasite endistri a e ede nan sekirite Inyon Ewòp la nan lavni.

Chef politik afè etranjè Inyon an Josep Borrell di jounalis yo ke anplis de yon efò an komen pou laji kapasite defans yo, manm yo dwe pran minisyon nan estòk lakay yo pou voye bay Ikrèn byen vit. Borrell di ke sa ka pran sèlman kèk semèn.

Sekretè-Jeneral l-OTAN, Jens Soltenberg, di jounalis yo mèkredi, kantite minisyon ke Ikrèn ap konsomen depase sa ke Inyon an ap pwodui, e ke manm yo dwe akselere pwodiksyon.

Chef l-OTAN an di tou li paka ekate posiblite ke Bakhmut pwal tonbe anba kontwòl Ris yo nan jou ki ap vini yo.

XS
SM
MD
LG