Chef defans ris, Sergei Shoigu, kalifye Bakhmut kòm yon fwaye defans enpòtan pou fòs Ikrèn yo. Li te pale konsa ak dirijan militè yo e li di si yo pran vil sa a, l ap pèmèt twoup ris yo pouse antre « fon andan liy defans Ikrèn yo ».
Nan pale li fè ak pèp la chak swa, Zelenskyy di ayè lendi swa tout kòmandan militè li yo, san wete youn, sipòte lide pou yo pa kite Bakhmut, kote gwo batay ap dewoule depi dè mwa.
Sekretè Defans Etazini Lloyd Austin di ayè lendi a, li panse si Ris yo ta « pran kontwòl vil Bakhmut, sa ta yon viktwa senbolik, men ki pa t ap gen yon valè estratejik. » Austin te pale konsa ak jounalis pandan yon vizit nan Jòdani.