Accessibility links

Breaking News

FC Barselòn Bat Real Madrid 1 a 0 Nan Chanpyona Koup Wa Espanyòl la


FBL-ESP-CUP-REAL MADRID-BARCELONA
FBL-ESP-CUP-REAL MADRID-BARCELONA

FC Barselòn bat ekip Real Madrid la 1 a 0 nan premye match semifinal 2 ekip yo nan chanpyona “Copa del Rey” a, Koup Wa Espanyòl la.

Match sa te jwe nan estad Santiago-Bernabéu lakay ekip Real madrid la.

Ekip Karim Benzema a toujou gen chans li pou kapab jwenn kalifikasyon pou match final chanpyona a 5 avril, kote yo pwal gen pou jwe yon dezyèm match kont ekip FC Barselòn nan.

Nan match la Katalan yo te rive make yon gòl gras ak yon chout Franck Kessié, gadyen an Thibaut Courtois te repouse balon an, epi se yon jwè Real Madrid menm Eder Militao ki detounen balon an (26yèm minit) pou voye li nan gòl, ki vle di ekip Merenge a fè gòl sou pwòp tèt li.

XS
SM
MD
LG